ESPÒ: KALANDRIYE MATCH FOUTBÒL NAN PEYI ANGLETÈ AK ESPAY POU WIKENN LAN

Sòti vendredi 21 desanm pou rive dimanch 23 desanm nan , chanpyona anglè a ( premye lig ) ak chanpyona espay la ( Liga Santander ) pral jwe respektivman « 18èm » ak « 17èm jounen » chanpyona yo kote anpil bèl match pral dispite.

Se avèk anpil enpasyans fanatik foutbòl yo ap tann rankont sa yo, kote anpil gwo rankont afiche depi jodi vendredi à pou rive dimanch.

Nan peyi angletè sa ap kòmanse jodi a a 3è kote *Liverpool* pral an deplasman kay ekip *Wolverhamton* nan à 3è 00 nan aprè midi.

Sa ap kontinye nan samdi bonè
a 7è30

✅ *Arsenal* ap resevwa nan « Emirates stadium » nan ekip *Burnley* la,

a 10è :
✅ *Bournemooth* fas *Brighton & Hove Albion*

✅ *Chelsea* fas *Leicester*

✅ *Huddersfield Town* fas *Southtamton*

✅ *Manchester City* fas *Crystal palace,*

✅ *New Castle united* fas *Fulham*

a 12è 30pm:
✅ *Cardif City* fas Manchester United.

Epi pou klotire 18èm joune sa , a 11è00 ekip
✅ *Tottenham* nan pral an deplasman kay ekip *Everton* nan.

Yon lòt kote, nan Liga a nan vendredi

a1è30
✅*Girona* pral jwe ak *Getafe* a

epi a 3è00pm

✅*Real Sociedad* pral toke kòn li ak ekip *Deportivo Alavés.* la

Nan samdi se pral 4 match :
a7è00
✅ *Real Betis* fas *Eibar*

a 10è15 nan maten

✅ *Athlético Madrid* fas *Espanyol*

a 12è30pm

✅ *Barcelone* ap resevwa *Celta Vigo*

a 2è 45 nan aprè midi

✅ *Athletic Bilbao* fas *Real Valladolid*.

Jounen sa pral sispann nan dimanch a 6è nan maten kote ekip
✅ *Valence* lan ap gen pou resevwa *Huesca* nan « Mestalla »

10è15 nan maten
✅ *Leganés* ap fas ekip *Séville* la

epi a 3è00pm
✅ *Real Sociedad* pral jwe ak ekip *Deportivo Alavés* .

Pou n note , se ekip *FC Barcelone* lan ki nan tèt klasman chanpyona espanyòl la ak « 34 pwen » epi konkiran l ki se *Real Madrid* okipe 4èm plas la ak « 29 pwen » pap jwe jounen sa , akoz patisipasyon l nan koup mondyal klèb yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …