AYITI ENSEKIRITE: MOMAN NWA POU POLISYE KAP VIV NAN ZÒN SAVANN PISTACH JODI 24 DESANM NAN.

Yon sou komisarya boule, Plizyè kay ajan polisye ki abite nan Nan Zòn Savann Pistach Kankannen jodi Lendi 24 Desanm 28 lan.

Pandan tout jounen an anpil dega kontinye anrejistre nan Savann pistach Ki trouvel nan Trazyèm sikonskripsyon pòtoprens.

Deblozay sa yo vini aprè yon gwo Operasyon fòs de Lòd yo mennen kote yo mete men sou 17 prezime Bandi ladanl yo Madanm  »Tije »Chèf Gwoup Gang Sa. Selon yon Sous Polisyè, Lapolis Nasyonal mennen Operasyon sa sou baz Rezilta ankèt yo genyen sou Tantativ Asasinay Mesye sa yo ta fè sou lidè RDNP a Éric Jean-Baptiste.

Plizyè Nèg ak Gwo Zam fann fwa mete dife nan sou komisarya Zòn nan, ki pa satisfè lage yon koukouwouj dèyè Tout polisye yo konnen ki abite Nan zòn nan kote yo menm Arive mete gwo dife nan plizyè Kay Ajan sa yo.

Tije Reklame, Liberasyon Madanm li san pèdi tan ke polisye yo arete nan moman operasyon sa ki te fèt nan Lannwit samedi pou Dimanch 23 Desanm 2018 la.

 

Souffrant Guerking.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …