AYITI-DISPARISYON : 25 DESANM LAN MAKE JOU VLADJIMI LEGAGNEUR TE FÈT.

Ayè 25 desanm 2018 la fè nou sonje jounalis Vladimir Legagneur, li tap gen 31 lane, e se tap anivèsè maryaj li. De (2) moman enpòtan sa yo ke jounalis la pa fete ak fanmi li e ki pap janm fèt ankò paske li disparèt depi 14 mas 2018 ki sot pase a.

Li tal fè yon repòtaj nan zòn Gran ravin depi lè sa yo pa janm gen nouvèl li, se sèl chapo li madanm li te rive idantifye nan moman la polis tap mennen yon operasyon.

La polis te detere kèk zo nan zòn palema nan gran ravin, depi lè sa a yo pa janm di anyen sou kesyon rezilta analiz ADN ki pou di èske zo yo se zo jounalis la.

Ta sanble ankèt la ap make pa sou plas, poutan fanmi l, (madanm li Fleurette) ak zanmi jounalis li yo kontinye ap tann limyè sou sa ki te pase 14 mas 2018 lan nan Gran ravin.

Pou piti 7 moun te deja anba kòd sou dosye sa, jij enstriksyon Wilner Morin te chwazi 24 me pase a 2 mwa aprè Vladimir te disparèt. Député twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, Printemps Belizaire te envite pou l pase nan kabinè jij la 6 desanm ki sot pase a kòm temwen, envitasyon sa a ki pat rive fèt koz chanm depite a ki nan vakans, lap fèt nan janvye 2019 kap vini la.

25 desanm sa a tap make yon doub fèt pou jounalis Vladimir Legagneur Ki te kite lakay li depi 9 mwa li pa janm retounen, tout ekip Echojounal la ap kontinye voye senpati  ak fanmi, zanmi pròch li, e nap kontinye ret tann pou otorite konsène yo di yon mo pa lontan sou dosye a.

Bazile Solon
+50937327246
Bazilesolon27@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …