ANBASAD AMERIKEN NAN PEYI DAYITI ADRESE FELISITASYON BAY PÈP AYISYEN

Nan dat premye janvye a Anbasad Ameriken an nan peyi  Dayiti adrese felisitasyon bay pèp ayisyen-an nan okasyon selebrasyon 215zyèm anivèsè endependans peyi Dayiti.

Daprè anbasad la :<<Revolisyon ayisyèn-lan te chanje direksyon listwa nan emisfè-a, e sa te gen yon enpak moun pap janm bliye sou peyi Etazini. Pandan Ayiti tap mennen yon batay byen long pou jwenn libète, Ayisyen yo te rekrite yo, te anbake sou pò lavil Senmak nan lane 1779 pou al goumen bò kote sòlda ameriken yo, nan Batay Savana, ki reprezante lagè lendepandans pa yo.>>:

Anbasad Ameriken nan peyi dayiti kontinye pou fè konnen :<<Depi jou revolisyon sa yo,  relasyon ant Ayisyen ak Ameriken pa sispann vin pi djanm, epi dinamism kominote amerikano-ayisyèn nan ede peyi Etazini ak Ayiti vin pi fò epi gen plis pwosperite. Peyi Etazini enpasyan pou kontinye patenarya li genyen avèk Ayiti, yon fason pou ranfòse kwasans ekonomik, etadedwa ak sekirite>>:

Pou fini Reprezantan peyi Etazini an nan Ayiti fè konnen :<<Jodi-a, Etazini kontinye kanpe bò kote Ayiti pou asire yon avni nan sekirite ak pwosperite. Konsa, peyi Etazini ankouraje tout Ayisyen pou ini yo pou chèche pwogrè apati mwayen pasifik.  Peyi Etazini swete pèp ayisyen bòn fèt lendepandans ak yon nouvèl ane nan lapè, pwosperite ak anpil opòtinite>>:

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …