AYITI KOMEMORASYON: DISKOU PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOISE NAN OKAZYON 215 LANE ENDEPANDANS PEYI DAYITI A.

Frèm ak Sèm yo,

​Pou lane 2019 ki kòmanse jodi’a, an nou mete men nou ansanm, an nou sonje tout sakrifis zansèt nou yo te fè pou nou ka lib. Sa dwe enspire nan nou yon lespri solidarite. Sa dwe fè nou konprann nou se yon sèl fanmi. Sa dwe di nou pou nou mete men pou bati yon Ayiti ki fè fyète zansèt nou yo, fyète pitit nou ak pitit pitit nou.

Batay n’ap fè depi 1804 youn kont lòt mennen nan asasina Desalin ak nan tout lòt briganday ki fè anperè ale, anperè tounen, Prezidan ale, Prezidan tounen, san nou pa janm bay peyi’a yon chans. Se pou batay yonn kont lot la fini. Se pou nou aprann kowopere, mete tèt ansanm pou Ayiti ka pran chimen devlopman.

Anpil je k’ap gade nou sezi wè

Ayiti nan kalvè n’ap viv jodi’a. Alòske nou gen yon popilasyon ki jèn anpil, ki renmen travay, ki gen anpil imajinasyon, ki briye tout kote yo ale sou la tè. Ayiti gen tout sa li bezwen pou devlope tèt li. Epoutan, nou yonn ap goumen ak lòt pandan peyi a ap plonje nan prekarite ak yon mizè ki entolerab.

​An nou mete rayisab sou kote, an nou mete rankin sou kote, an nou sere kole :

• Pou etranje ak Ayisyen isit la e sa k’ap viv lòtbò dlo vin envesti kòb yo an Ayiti ;

• Pou nou ka pwodwi plis manje, kreye job;

• Pou nou ka kreye plis richès ;

• Pou plis travayè, plis moun k ap fè jefò ka jwenn yon alemye ;

• Pou plis timoun ka al lekòl ;

• Pou tout moun ka gen aksè kredi nan bon jan kondisyon.

Men fòk nou dakò ke bagay sa yo pap ka reyalize si pa gen kouran, san wout, san lopital, san dlo pwòp pou tout moun bwè, san dlo pou moun wouze tè ak pou fè endistri

Présidance d’Haiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …