AYITI-GAZ BMPAD: « DE BATO AP METE GAZ ATÈ NAN TOU DE(2)PÒ PEYI DAYITI. » DAPRE DIREKTÈ BMPAD LA IGNACE SAINT-FLEUR.

Ayè Jedi 17 JANVYE 2019 la nan lannuit, de (2) bato kite chaje pou bay ayiti gaz resi fè livrezon nan tou de (2) tèminal ki la pou resevwa. pwodwi petrolye nan peyi a.

250 mil baril diesel ak 160 mil baril gazolin se kantite gaz ki debake nan pò nou yo . Tèminal ki la pou sa. « THOR nan kafou ak TEVASA ».Dapre enfomasyon Direktè BMPAD la bay nan kèk stasyon radyo nan kapital la.

Selon Ignace Saint Fleur <<BMPAD oblije kouvri frè pèman pou konpayi petwolyè ki poko janm arive akonpli dèt yo bo kote BMPAD>>

205 mil baril dyezèl( plis pase 8milyon galon) e 160 baril gazolin(plis pase 6 milyon galon) avek nouvel aterisaj sa peyi a ap ap gen gaz pou 3 semèn selman. pandan setan nap soulinye nan kèk zòn nan rejyon metwopolitèn se 400 goud pouw genyen pouw ka jwenn yon galon gaz.

 

@FEDNICKSON VAL
509 4490 3939
valfednickson@gmail.com

Kredi foto: Total

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …