YITI/ESPÒ: FEDERASYON FOUTBÒL AYISYEN AN ONORE PLIZYÈ JWEZ AYISYÈN APRÈ BILAN YO POU LANE 2018 LA.

Federasyon foutbòl nan peyi dayiti rekonpanse ,madi 15 janvye a nan sant Fifa Goal ki nan kwadèboukè, plizyè fanm kap evolye nan nan foutbòl féminin an ,ki te make lane 2018 ak konpetans yo nan milye yap evolye a .

Foot fem HT Awards 2018, se konsa responsab yo te rele seremoni yo tefè pou remèt rekonpans yo.

Melchie Daelle Dumernay rekonpanse kòm meyè jwez pou ane a, Tabita Joseph kòm revelasyon ane a. Ekip nasyonal u17 ak u20 se pi bon ekip pou ane a daprè responsab yo.

Se sekretè federasyon an Carlo Marcelin ki te remèt rekonpans sa yo.
Sete yon bèl seremoni kote plizyè mizisyen tankou D-Fi powèt revòltè ak Tafa Mi-Solèy te patisipe.

Responsab yo te drese yon lis 11 jwè ke yo te estime ki te fè bon bagay nan pòs yo. Yo te bay yo chak yon meday. Nerilia Mondesir, Roselord Borgella ak Danielle Etienne kite nan lis la pat la pou yo te resevwa pa yo a.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …