AYITI/POLITIK: PREZIDAN JOVENEL MOÏSE DEKLARE LI PA SATISFÈ AK REZILTA DYALÒG LA

Nan objektif pou lanse fowòm nasyonal sou pak gouvènabilite a ayè madi 22 janvye 2019 la chèf leta ayisyen an Jovenel Moïse deklare li pa satistè ak fason chèf gouvènman an Jean Henry Céant mennen dyalòg la.

Selon lokatè Palè Nasyonal la gen anpil moun ki twouve yo nan divès sektè nan peyi an premye minis lan pa rive konvenk nan lide pou trennen yo vin chita sou tab kote dyalòg lan ap fèt la.

Prezidan Repiblik la kontinye pou mande ak Notè Jean Henry Céant apwofondi dyalòg la pou rive jwenn yon estrateji pou trennen opozisyon an sou tab la.

Jovenel Moïse ale pi lwen pou anonse Lansman ofisyèl dyalòg la se ap pou 7 fevriye 2019 k’ap vini la, yon fason pou premye minis la kontinye vanse ak dyalòg la kote depi 2 mwa notè a te jwenn otorizasyon prezidan repiblik pou tanmen dyalòg sila avèk tout sektè nan vi nasyonal la.

 

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …