MADRID/JISTIS: CRISTIANO RONALDO KONDANE POU YON GWO PÈN PRIZON.

Cristiano Ronaldo arive kondane pou 23 mwa prizon e yon amand de disnèf (19) milyon ewo l’ap gen pou’l peye kòm amann pou fwod fiskal bay lajistis peyi espay ,jounen madi 22 janvye 2019 la ,li pap gen pou’l prije pèn sa sou fòm fèmen nan prizon, daprè jan lwa espanyòl la otorize’l.

Ansyen Jwè Réal Madrid la tounen nan vil madrid, pa antanke jwè men antanke moun ki ta vyole lwa fiskal peyi a ,madi 22 janvye a Cristiano ronaldo kite vil madrid ak yon gwo chay kondanasyon sou do li.

Avoka Atankan vedèt ekip juventus la te gentan plede pou’l pat pase tan kondanasyon yo fèmen dèyè bawo , daprè sa lwa espanyòl la fè konnen, yon kondane kapab jwi libète’l si kantite tan kondanasyon yo pa depase 24 mwa e si’l pa gen lòt pwosesis jidisyè dèyè’l.

Cristiano Ronaldo pa sèl jwè ki kondane pou fwod fiskal ,nan lane 2016 ,Entènasyonal ajanten an Leonel Messi te arive kondane pou 21 mwa pou menm koze sila.

Nap fè konnen Cristiano Ronaldo poko fini ak lajistis, gen gwo ankèt ki louvri sou li bò kote otorite polisyè nan las vegas pou vyòl li ta sanble fè sou yon ansyen ti boubout li te genyen plizyè akizasyon ki pote kont li.

ECHOJOUNAL

@valfednickson

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …