ESPÒ/ACHA : KRZYSTOF PIATEK NOUVO JWÈ EKIP FOUTBÒL MILAN AC NAN PEYI ITALI

Milan AC ofisyalize ayè mèkredi 23 janvye 2019 la transfè entènasyonal polonè a krzystof Piatek an pwovnans ekip Genoa. Piatek (23 ane) angaje’l pou jis 2023 ak klèb italyen an , aktyèlman 4yèm nan série A.
yon transfè ki ta koute anviwon 35 milyon ewo daprè divès medya nan peyi Itali

Polonè a se youn nan meyè atakan an ewòp, patikilyèman nan peyi Itali kote’l make 13 gòl nan chanpyona , 19 gòl pou 21 match pandan tout konpetisyon konfondi , epi’l pote koulè Mayo Seleksyon ekip foubòl polòy la pandan 2 fwa deja .

Arive piatek vini aprè depa ajanten an ( Gonzalo Higuain) ki angaje’l jiska fen sezon an ak ekip chelsea a anba lòd ansyen antrenè’l nan Napoli  » Maurizio Sari.

Atakan polonè a pral jwe ak nimewo 9 , ki se nimewo Higuain te pote a.

Jonathan Occulis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …