AYITI/KILTI: FINALMAN KOMITE KI PRAL ÒGANIZE KANAVAL NASYONAL POU LANE 2019 LA PIBLIYE SOU JOUNAL *LE MONITEUR*

Anpil chalè gentan anonse pou kanaval 2019 la ,dat yo deja konnen, gwoup ak atis yo nan estidyo, chak ap prepare mereng kanaval pa yo , e plizyè nan yo deja mete mereng kanavalès yo disponib pou sipòtè yo.
Tout moun gentan ekipe pou tach yo kapab byen ranpli ,e tansyon yo pral ogmante paske jounal ofizyèl <<LE MONITEUR>> pibliye lis komite k’ap gen pou misyon òganize kanaval 2019.

Arete prezidansyèl la ki soti ayè lendi 28 janvye 2019 la , pou yon lòt fwa ankou konfime 3-4-5 nan mwa mas la se dat ki retire pou peyi a resevwa kalite manifestasyon kiltirèl tradisyonèl sila.

Yon lis komite ki gen nèf (9) manm ki manda legal pou óganize kanaval la.

Nan tèt lis la genyen:

1-Jean Yves jason Muscadain: Prezidan

2-M.Albert Chancy: soti kòm ko-responsab pati animasyon mizikalite a Vis prezidan.

3-Manzè.Altagrace Hyppolite Elie : sekretè jeneral

4-M.Erol Josué : soti nan estad dezyèm ko-responsab atistik a responsab atistik.

5- Emmelie Prophète: toujou rete nan stad responsab kominikasyon.

6- Fred Lizaire : responsab animasyon mizikal

7-Yves Penel : toujou rete responsab koresponsabatistik.

8-Jean luc Laury: trezorye

9-Phillip Dodard:dezyèm( 2) koresponsab atistik

Antouka tout dispozisyon yo prèske rive nan bout yo pou twa(3) jou sa yo kapab pase san vyolans ,san kè sote.
anpil mezi sekiritè ap mete sou pye pou sa rann plezi a posib.
atis yo ap etone kanmenm, e nan kèk jou anko se a pral kesyon sou chwa pou gwoup k’ap j jwenn cha pou patisipe pakou pandan twa (3 ) jou yo.
n’ap swiv ,e n’ap tann kiyès kap ranpòte lamayòl la.

 

 

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …