AYITI KILTI: MEN SIS (6)BAGAY KI MAKE KANAVAL AN AYITI.

KANAVAL AN AYITI,YON EVÈNNMAN TÈT CHAJE KI GEN DIVÈS KALTE KOULÈ.

Kanaval la rete jouk jounen jodia youn nan pi gwo manifestasyon kiltirèl nan peyi dayiti, poun pa di sèl li menm . Evènman sa ki pase chak ane, toujou rasanble yon dividal abitan kou etranje pou vin asiste ak anbyans tout kalte e pou konnen kisa ki kanaval nan peyi dayiti . Ayiti pa sèl peyi ki gen aktivite kanavalès, men sa pa anpeche nou genyen plizyè eleman nan kanaval nasyonal la ki rete pwòp ak kilti nou.

Nan objektif pou pèmèt ak ou menm ki poko janm gen chans patisipe nan gwo manifestasyon kiltirèl sa , sal redaksyon<< ECHOJOUNAL>> la ap prezantew divès nan kalte eleman lokal ki toujou make popilasyon an chak peryòd kanaval sila rive.

1 – DIMANCH PREKANAVALÈS YO;SA YO RELE(KANAVAL DJ A)
An ayiti, avan menm popilasyon an chimen beton an pou al yaya kò yo pandan twa (3) jou ki retire pou kanaval nasyonal la, (3jou Gra) yon ajannda chaje ak aktivite toujou òganize pou yo kapab prepare sila k’ap vin layite kò yo avan yo rantre nan manmanm koze a.Plis pase 6 dimanch kote tout DJ yo pran lari pou trennen dèyè yo yon piblik awoyo nan tout rakwen nan zòn metwopolitèn ak bonjan mizik pou fè tèt yo pati ak kanaval ki pase oubyen ki apèn ap koute.

2 – KOUTIM YO TÈT CHAJE

Li se yon koutim pandan twa(3) jou kanaval la, gen cha ak tout kalte gwoup yo mete apa pou pakou a ,konsa pou yo kapab kenbe piblik la nan atmosfè ki chaje ak chalè, avan menm gwoup mizikal yo vin pèfome ; Pami prestasyon sa yo n’ap jwenn defile gason ak fanm ki abiye ak rad oswa moun ki maske epi degize vizaj yo ak anpil ti klere anpil fwa moun k’ap asiste yo konn pa ka rive idantifye kisa yo ye , tèlman yo pa gen bèlte men se yo ki ajoute koulè sou tout pakou kanaval la.

3 – NAN MITAN LARI A SE TWOUP DANS TOUT KALTE K’AP TAYE BANDA.

Menm jan gen defile, se konsa lekòl Dans yo fè pati sila ki vin mete koulè nou twouve sou channmas la avan cha mizikal yo ateri. koregrafi yo byen prepare, rad yo mete mache ansanm ak anbyans lan. Senti medam yo dekole,plezi gaye, danse tèt pati , anpil kè kontan granmoun yo ki mennen timoun vin gade defile yo tout ap sote ponpe ak pitit yo anba kout tanbou oswa mereng kanaval ki pase deja, se tout sa yo ki kontribye nan aspè kanaval lakay nou , e se nan moman sa pou Dans folklò ayisyèn lan mete tèt li an valè.

4 – GWOUP BANN A PYE YO

Pou’n tonbe nan karèm, kote se legliz katolik ki selebre’l,alò se peryòd kanaval la ki pou pase louvri pòt pou li,peryòd sa make pou moun ki pa kretyen (payen) nan soti ak bann a pye, y’ap danse , chante epi jwe rit tout mizik yo rele<<Rara>> ,bann a pye sa yo nou konn jwenn yo tou nan pakou kanavalès la kote y’ap fè tout moun yaya kò yo san poze.

5 -NOMINASYON GWOUP MIZIKAL POU PAKOU A

yon bann mizik kanavalès ap woule , pou peryòd kanaval la ka byen pase , komite ki responsab koze sila,bò kote pa’l fè chwa kèk gwoup pou asire pakou a , men konnen aprè Evènman an ap gen youn nan gwoup sa yo k’ap ranpòte lamayòl la, se poutèt sa tout gwoup ki nan pakou a ap gen pou ofri kò ak nanm pou yo mete dife nan kò piblik la ki deplase vin retire estrès . bon jan anbyans, animasyon, eslogan ,ak bon jan son pou fè moun sote ponpe , se tout yon ansanm kritè ki rasanble pou dirije jij yo nan dènye lè yo ,pou di kiyès gwoup kite pi bon pandan tout twa(3) jou gra a.

6 – SILA YO KI RETE LWEN KI OBLIJE DÒMI NAN LARI A.

Mezanmi dòmi nan je se lanmò , depi’l bare’w se kote’w jwenn ou lage kò a.
Apre anpil sakad, kouri moute, kouri desann ,plezi nan kò ,domi oblije kraze rak, paske kote ki gen plezi pa ka gen domi.
Anbyans lan rèd pandan kanaval la ,moun soti tout kalte kote ,nan tout rakwen pou vin defoule yo nan gwo manifestasyon ak ansyèn koutim kiltirèl nou genyen pandan twa(3) jou li gen pou’l pase a.
Ebyen se konsa bagay la ye aprè chak jounen nan twa(3) jou gra a ,piga’w etone si chak kote’w pase sou channmas oswa yon plas kote aktivite sila ap òganize ou jwenn moun kouche ap dòmi san panse ak zòrye ni dra pou pare fredi, se paske yo pa sa rantre lakay yo touswit, swa yo fatige oubyen pwopriyetè a pap louvri pòt ba yo rantre nan lè y’ap vin frape pòt kay la.

Pou kèk moun, kanaval se moman ki favorab pou moun voye kèk estrès ale ,sitou sitiyasyon ekonomik-politik peyi a pa bon pou pèsonn.Twa(3)jou plezi. men pa bliye fòk nou respekte règ jwèt la,tankou pa fè vyolans

 

Fednickson val

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …