AYITI KONFERANS POU LAPRÈS: CANGE MACKENSON PREZANTE BILAN DEZAN PREZIDAN REPIBLIK LA.

Cangé Mackenson, yon lidè politik Bò kote pouvwa Moise/Ceant Prezante nan mikwo laprès bilan 2 lane Pouvwa Jovenel Moyiz ap prezide a. nan diskou li li te pwofite fè elòj pou administrasyon Jovenèl Moise la pou gwo jefò li fè poul kapab mete peyi a sou bonjan chimen devlopman, apre li te fin pwan yon peyi ki devaste pa siklòn matye.

Pandan 2 lane gouvènans li nan tèt peyi a Cangé Mackenson mete pwen sou divès pwojè dirab ki gentan egzekite nan peyi e se yon bann pwojè kap dire plis pane yon( 10) dizèn lane.
Pami yo li site:

1-Karavann chanjman nan latibonit
Yon objektif poul te kapab remonte sistèm ekonomik peyi a kap soufri plis pase yon dizèn lane, yon pwojè ki touche e sansibilize peyizan yo.
Gras ak jefòl, gen 12 koperativ agrikòl ki sou pye,e eksplwate 6000 ekta tè ak anpil lòt pwogrè ki fèt nan sistem agrikol vale latibonit.

daprè sa’l fè konnen yon dizèn ponp deja enstale nan tout peyi a pou wouze tè yo e 8000 sak angrè distribye e 19000 semans diri melanje ak 2 mwasonè pou sa ogmante pwodiksyon diri a.

Zafè kouran 24/24 la se pa yon rèv anpil kit solè deja distribye nan divès vil nan peyi a, prezidan jovenel ap travay, anpil estrateji ap kontinye mete pou kapab mete lajan nan pòch pèp la, manje nan asyèt li eltariye.

Jan sa te pwomèt, anpil wout ap fèt, Pon,enfratrikti woutyè. Pou sa gen bonjan devlopman daprè pawol Cangé Mackenson fè konnen nan redaksyon ECHOJOUNAL.

Anpil lekol pwofesyonèl ak primè ap kontwi pou sa bay bon jan pen ledikasyon ak pitit pèp la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …