FOUTBÒL LÒT BÒ DLO/PREMYE LIG: MANCHESTER PRAN TÈT KLASMAN AN.

City bat Everton ayè mèkredi 6 fevriye 2018 la an deplasman (2@0) gras avèk Laporte epi Gabriel Jesus. Aprè viktwa sa a city tou pran tèt klasman an sou Liverpool ki gen yon match anmwens. Se te yon match avanse nan 27è jounen an.

Chanpyona anglè a vin sere anpil. Liverpool pa genyen pandan 2 dènye jounen yo sa ki fè ekip City an vin gen menm kantite pwen avè l men ekip Guadiola a premye pou yon pi bon diferans gòl(+48 +41).

Manchester domine pandan tout match lan. Citizen yo te merite viktwa sa a nan Goodison pak lan. Aprè Gundogan jwenn ba transvèsal la nan ( 19′). Mesye Guadiola yo te kontinye ap mete presyon sou ekip Everton nan. Yo pwal louvri skò a nan fen premye mitan an sou yon kout tèt pwisan Laporte ki twonpe Pickford aprè yon koufran David silva te choute. (0@1 45è+1).

Nan dezyèm mitan an City te toujou gen kontwol match lan. Yo kontinye ap kreye plizyè gòl tankou avèk Aguero nan (58′), silva (69′). Manchester City pwal jwenn dezyèm gòl la nan tan adisyonèl avèk Gabriel Jesus (90+7).

Yon batay kap kontinye pou konnen ki ekip kap chanpyon an nan angletè epi ki ekip kap rete pami ( 4) premye yo.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …