AYITI KRIZ: PWÒP PITIT PEYI A METEL AN OTAJ DEPI 7 FEVRIYE 2019.

Depi apre 7 fevriye 2019 pèp ayisyen prizonye nan pwòp peyil san okenn otorite pa janm di yon mo pandan tout aktivite peyi a bloke akoz plizyè mouvman kap fèt pou mande prezidan repiblik la demisyone epi revandike pou lavi chè.

Opozisyon an ki pa antann li nan yon dyalòg ak gouvènman an ki bò kote pa yo pa janm di yon mo nan kalamite popilasyon an ki te deja pa ka manje vin twouve yo nan sityasyon pi konplike kote barikad nan tout kwen moun pa ka moute moun pa ka desann sa ki vin lakoz divès kote nan peyi a pa gen dlo, lopital fèmen moun ap soufri, timoun pa ka ale lekòl poun site kèk nan pwoblèm sa yo.

Moun kap manifeste yo ki parèt trè vyolan nan dènye jou yo deja kraze e mete dife nan divès antrepriz ak biro leta nan peyi a menm televizyon nasyonal pat epanye anba zak briganday kote yo mete dife nan yon dizèn machine ki te nan lakou tele a e voye plizyè wòch ak boutèy sou tele a, yon mouvman ki vin jwenn sipò plizyè kò bandi ke lapolis ap chache pami yo Anel Joseph, Vlaw ki defile nan lari Pòtoprens ak gwo zam nan men yo bò kote plizyè manm opozisyon an ak plizyè palmantè ki an fonksyon.

Yon bagay ki revòlte plizyè kouch nan sosyete a sitou nan popilasyon silansye a apre chèf bandi Anel ak twoup li gwo zam nan men yo defile nan vil la pandan lapolis ap chachel, nap raple pa twò lontan yon senatè te fè konnen gen depite ak senatè kap pote bandi nan machin yo.

Nan moman an la anpil fanmi an difikilte nan divès kwen nan peyi a kote yo pa ka jwenn gaz, dlo manje pou yo manje e yo pa ka soti pou al chache lavi paske tout ti kwen bloke e manifestasyon vyolan nan tout peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …