FOUTBÒL LÒT BO DLO: EKSPERYANS PÈMÈT REAL MADRID BAT AJAX NAN 1/8 DE FINAL LIG DÈ CHANPYON AN.

Nan match ale 1/8 definal lig dèchanpyon ant Real e Ajax se Espanyòl yo ki genyen (2-1) jounen mèkredi an , avan match retou, nan bènabewou an kap fèt 5 mas.

Jwè Ajax yo jwe yon gwo match jounen mèkredi an nan estad aréna a kont Real, nan kad 1/8 definal lig dèchanpyon (1@2) men efò yo pat rekonpanse. Aprè fen premye mitan an y’ap regrèt pakèt okazyon yo rate. Konnye a yo gen obligasyon pou al bat Real 2 gòl anplis si tout fwa yo swete kalifye pou 1/4 definal.

Ajax te poutan bon nan kòmansman match lan, yo te fè presin nan wo, sa ki te kreye anpil pwoblèm avèk jwè Real yo. Nan premye kadè a Tagliafico te met Carvajal an difikilte a plizyè repriz. Defans Real la te souvan an difikilte tankou kote Tadic te frape sou ba transvèsal la(25′). Yon lot fwa ankò Ziyech rate yon okazyon anfas Courtois (35′). Aprè 2 minit yo make yon gòl men ki te refize pou pozisyon avanse. Malgre yon gwo dominasyon niyalandè yo dwe kontante ak yon (0@0) nan premye mitan an.

Nan dezyèm peryòd la, Real leve nivo a epi pa pran twòp tan pou louvri skò a avèk Benzema (59), aprè yon gwo travay de Vinicius sou koulwa goch lan ki bay Fransè a yon ofrann pou make (60è) gòl li nan lig dèchanpyon an. Aprè gòl sa a Benzema vin fè 4è jwè ki depase 60 gòl nan lig dèchanpyon men kijan klasman an ye : CR7 : 121, Messi : 106, Raul : 71 epi Benzema 60.

Ziyech pwal jwenn egalizasyon an sou yon bèl frap (74′). Pou fen mach lan 2 ekip yo kontinye ap atake pou jwenn avantaj lan men se Real ki pwal gen rezon nan (86′) gras a Asencio. Niyalandè yo pa pase lwen egalizasyon an men Courtois te gen rezon sou Dolberg nan (91′).

Èske Ajax ap ka al bat chanpyon lane dènye yo nan Bènabewou sou 2 gòl anplis pou al jwe kadefinal, nou poko la, nap tann 5 mas pwochen.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …