AYITI JOB: 2000 DJÒB DEJA DISPONIB PAMI 200 000 KI PRAL KREYE NAN PEYI A.

Minis kominikasyon an Jean-Michel Lapin ki tap reyaji nan yon emisyon sou radyo Mega nan lannwit vandredi 15 fevriye 2019 la deklare 2000 djòb gentan disponib a travè meri yo nan tout peyi a sitou nan zòn ki bloke yo.

Selon minis la desizyon sila pran sou lòd prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan kad aksyon kap poze pou pote yon amelyorasyon rapid nan mòd vi popilasyon an, 2000 djòb sa yo ap sou kontwòl meri yo, moun sila yo pral gen pou netwaye e retire barikad pou pèmèt tout aktivite yo reprann kòm sa dwa nan peyi a.

Minis lan fè konnen yo gentan pote plizyè repons ayè vandredi a nan peyi a kote yo gentan pote medikaman nan lopital yo epi dlo pòtab bay popilasyon an ki te gen pwoblèm dlo men li pa presize ki lopital ki resevwa medikaman yo ak ki kote yo bay dlo yo.

Jean-Michel Lapin anonse premye minis la Jean Henry Céant ap gen pou adrese ak nasyon an jodi samdi 16 fevriye 2019 la e lap gen pou li bay detay sou tout sa ki ta dwe fèt pou reponn pa twò lontan ak revandikasyon pèp ayisyen an.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …