AYITI MANIFESTASYON: GWO KÈ SOTE NAN MITAN MITAN GWOUP KI NOME TÈT YO SEKTÈ DEMOKRATIK EPI POPILÈ A.

Gwoup nan opozisyon an ki rele tèt yo sektè demokratik epi popilè a kouri soti yon nòt pou kondane epi mande padon pou zak kote ayè vandredi 15 fevriye 2019 la yon gwoup manifestan ki tap mande demisyon prezidan repiblik la Jovenel Moise mete dife nan yon drapo peyi Etazini e rele viv prezidan peyi Larisi an Vladimir Poutine.

Mesye dam yo ki pat pran tan kouri soti yon nòt byen rapid pou kondane zak sila e fè konnen peyi Etazini se zanmi peyi Dayiti, yo remèsye peyi tonton sam nan pou akèy yo di li bay plizyè milye ayisyen lakay yo e swete zak boule drapo a se ta kòlè moun yo oubyen yon enfiltrasyon.

Sektè sila ki pat janm soti okenn nòt pou dife ki mete nan plizyè machin nan lakou televizyon peyi a TNH, pou plizyè ponp ki boule ak plizyè bisniz ki kraze epi dechouke, atak ki fèt sou anbasad Perou ak peyi Itali drapo peyi Dayiti ke dominiken yo pran plezi mache sou li e boulel toutan poun site sila yo.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …