ESPÒ LIG DÈ CHANPYON: ATLETICO KORIJE JUVENTUS EPI PRAN YON GWO OPSYON POU KALIFIKASYON POU 1/4 DE FINAL.

Nan yon dyèl dewo nivo, At.Madrid genyen Juventus (2-0), nan metwopolitano a, gras avèk de defansè santral li yo Gimenez e Godin, jounen mèkredi 20 mas 2019 lan. Colchoneros yo gen yon pye yo nan 1/4 definal lig dèchanpyon.

E si Atletico Madrid ta ofri yon final lakay li ak fanatik li yo, premye jen? wout lan long anpil toujou pou colchoneros yo, men rèv lan ap kontinye aprè viktwa sa a sou Juventus (2-0), nan 1/8 definal lig dèchanpyon an.

Tout moun tap tann ak yon match trè fèmen ant de meyè defans ewòp lan. Men se pat sa. Atletico Madrid e Juventus te fè yon match trè sere men malgre sa match lan te gen anpil okazyon. Te gen 27 chout an total. Nou te oblije tann jis nan dènye kadè yo pou jwenn gòl nan rankont lan sitou avèk Gimenez (78′,1-0) e Godin (83′,2-0). Jwè simerone yo fè de gòl sou kout pye arete nan 5 minit.

Juventus koule nan fen match lan, aprè yon premye peryòd trè solid. Tirinwa yo te toujou prezan sou plan defansif jiska fen match lan. Yo pase anpil tan ap sibi match lan, At. Madrid te domine yo anpil. Epi kreye plizyè okazyon tankou Costa ki rate yon en kont en ak gadyen Juventus lan. Juventus preske pase a kote pandan tout match lan, aprè sel aksyon Ronado te kreye sou koufran li tire an, ki te met oblack an difikilte.

Simerone ap gen anpil pwoblèm pou match retou an paske li pap gen sèvis milye tèren Ganeyen an Thomas Partey e Diego Costa. At. Madrid ap gen nan men l nan Allianz Stadium, kote Juventus pèdi yon sèl fwa nan sezon an. Èske Griezman ap resi gen rezon sou Ronaldo ki toujou viktim li, sitou nan lig dèchanpyon?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …