AYITI-DYALÒG :ANPLWAYE KI FÈ PATI ETA JENERO SEKTORYÈL NASYON AN REKLAME 5 MWA LAJAN LETA DWE YO

Aprè kominike prezidansyèl ki soti jedi 21 fevriye pou fòme yon nouvo komite fasilite dyalòg nan mitan ayisyen yo, kèlke jou aprè kominike sa desizyon prezidansyèl la chavire bonèt ansyen komite eta Jenero sektoryèl Nasyon an . Anplwaye sila yo ki te resevwa fomasyon pou sèvi nasyon an ap plenyen sou tout kalte pwoblèm y’ap konfwonte anndan sistèm nan.

Yon konsèy ki regroupe ak yon estrikti ki gen anviwon 21 anplwaye ki ta dwe resevwa lajan yo sou otorizasyon palè nasyonal touche depi an septanm 2018 daprè sa anplwaye yo fè konnen

« (5)senk mwa depi nou pa touche,mete sou bonis mwa desanm nan ankò »daprè deklarasyon yon manm gwoup la bay ECHOJOUNAL
21 anplwaye sa yo ki chita kò yo nan zòn jivena petyonvil pa konn ki sen pou yo rele ni ak ki moun pou yo adrese ankò sou sitiyasyon si la e pa menm konn kisa ki rezève pou yo aprè kominike biwo laprezidans lan fè soti sou nouvo komisyon ki pral travay sou dyalòg nasyonal la.

Nap fé konnen, nouvo komite sila pran plizyè chimen pou fasilite travay dyalòg nan mitan Ayisyen yo ,e pou fè ak ansyen anplwaye ESGN yo rejwenn konfyans nan kad bon jan travay yo te reyalize,nan mete dyalòg nan mitan divès sektè nan vi nasyonal la kou nan dyaspora a.

Val Fednickson

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …