Nouvèl lot bò dlo / IRAN : premye vizit prezidan siryen an, Bachar el Assad nan Téhéran.

Prezidan siryen an, Bachar El Assad fè yon vizit sipriz nan Téhéran jounen lendi 25 fevriye 2019 la. Li te rankontre gid siprèm nan Ali Khamenei epi prezidan Iranyen an Hassan Rohani.

Vizit prezidan siryen an nan Téhéran te nan fèt an sekrè. Medya ofisyèl yo bay enfòmasyon an byen ta nan lannwit pou di ke prezidan siryen an te resevwa pa nimewo (1) en, Ali Khamenei e prezidan Rohani nan maten. Jeneral ghassem soleimani, chèf fòs QODS gadyen revolisyon yo ki toujou mennen operasyon deyò peyi an tankou an siri te prezan nan de rankont yo.

Vizit sa a gen anpil sinifikasyon. Paske depi nan komansman konfli an ki gen (8) tan, prezidan Assad te sèlman konn ale nan peyi larisi.

Yon vizit ki fèt pandan prezidan izryayelyen pa sispann kritike prezans iranyen yo nan siri e menase pou kontinye bonbademan yo nan lasiri.

Khamenei fè konnen ke Iran ap kontinye ede lasiri, ke li menm kalifye se yon estrateji pwofondè pou Iran. Li egalman lanse yon kritik sevè kont tout prezans ameriken sou fwontyè lasiri e Iran, ke l di yo dwe konbat.

Sou twitter gid siprèm nan ekri  » viktwa lasiri e defèt lèzetazini ak mèsenè rojonal li yo makonnen nan rezistans prezidan siryen an, Iran konsidere ede gouvènman ak pep siryen an nan mouvman rezistans sa a, nou vrèman fyè ».

Peterson Louis.

 

Kredi foto: RFI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …