AYITI/JISTIS: ANSYEN DG POLIS NASYONAL DAYITI, GODSON ORELUS JWENN LIBERASYON’L.

Jodi Madi 26 fevriye a Lakou dapèl Gonayiv akòde yon men leve ak ansyen Direktè Jeneral Polis Dayiti a ki te twouve’l dèyè kat (4) miray depi kèk mwa Pou dosye kagezon zam sou waf Senmak nan lane 2016.

Malgre Ansyen Direktè a benefisye men leve sa
Anseyen Dg a ap <<toujou prezante devan lajistis a chak fwa lajistis gen bezwen’l jiskaske dosye a fini>> daprè
prezidan Kou dapèl la mèt Octélus Dorvilien ki t’ap fè lekti desizyon lakou a nan odyans Ki te òganize nan okazyon an.

Sandra Thelusma yon lòt akize nan menm dosye a ki pa benefisye men leve sa , aprè adyans lan Madanm retounen pou pi rèd dèyè kat miray li te twouve’l yo.

selon Lakou a desizyon pou pa akòde men leve a pou madanm lan vini se paske lakou a pa gen garanti ,Sandra Thelusma ap toujou disponib si tout fwa lajistis ap gen bezwen’l sou swit dosye a.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …