AYITI/TOURIS:MINIS TOURIS LA JIJE MAL DEZISYON KI PRAN POU RETIRE AYITI SOU KAT TOURISTIK MOND LAN

Desizyon depatman deta ameriken ak kanada pran pou retire ayiti sou kat touristik mondyal la twò sevè « , sa se pawòl minis touris la madam Marie- Christine Stephenson.

Titilè ministè touris peyi dayiti a ki te envite nan emisyon TIBAT BOUCH sou radyo san fin (RSF) pou vin bay detay sou sitiyasyon sektè toutis la aprè dènye evènman ki sot sakaje peyi a nan jou pase yo, kwè li pa nòmal pou retire ayiti konsa sou kat touristik mond lan.
Avèk yon vwa tris alafwa konfyan minis lan estime , lè’l konsidere peyi dayiti se youn nan pi gwo destinasyon touristik pou karayib la pa rapò ak potansyalite-l, mezi sa pa’p ede peyi a.

Daprè Minis lan desizyon sa antre nan kad move imaj anpil peyi ki di yo se zanmi ayiti ap transmèt sou premye repiblik nwa ki endepandan nan mond la , Pandan’l rekonèt sitiyasyon sosyal ak politik yo pa bon men yon lòt bò Minis lan fè konnen se pa sèlman nan peyi dayiti pwoblèm politik yo grav konsa.

Tout fwa ansyen responsab UTE a anonse ministè l’ap dirije a resevwa tout enfòmasyon yo sou sitiyasyon touris lan nan peyi dayiti depi aprè evènman yo e l’ap travay pou pote yon solisyon ak pakèt pwoblèm sektè a pa sispann konfwote.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …