EJIP/DIFE: POU PI PITI VEN (20) MOUN MOURI NAN YON DIFE KI EKLATE NAN KAPITAL PEYI EJIP.

Ven (20) moun mouri e (40) lot blese, jounen mèkredi 27 fevriye 2019 la nan yon gwo dife ki eklate nan yon ga nan vil kè. Ensidan sa a pwodwi aprè yon Lokomotiv deraye epi pran dife.

Se nan anviwon (10) zè ke yon Lokomotiv san wagon te deraye anvan l al frape ak tout fòs nan ke (quai) nimewo 6 nan ga santral kè an. Chòk sa a pwoveke ekspwozyon yon resèvwa dizèl epi eklate yon dife tou prè yon kafeterya ki te gen anpil moun ki t ap manje.

Dife a te rapidman metrize. Mò ak blese yo transpòte nan yon lopital nan zòn nan. Aksidan sou wout yo fèt souvan an Ejip. Teleskopaj, derayeman e dife lakoz anpil moun mouri chak lanne.

Nan fevriye 2002, pou piti 300 moun te pèdi lavi yo, nan yon tren ki te pran dife nan sid kè. Premye minis, Moustafa Madbouli te ale sou plas e pwomèt pou fè limyè sou aksidan an. Premye konsekans sou dram nan, minis transpò a, Hicham Arafat bay demisyon l ak premye minis lan, ki aksèpte. Ejip gen obligasyon pou amelyore wout yo paske gen plizyè ki nan move kondisyon

 

Peterson Louis.

Kredi foto: liberation

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …