ESPÒ KOUP DESPAY: FC.BARCELONE KRAZE REAL EPI KALIFYE POU FINAL.

Barça kalifye pou final koup Despay, aprè viktwa yo (3-0), nan bènabewou a sou Real, jounen mèkredi 27 fevriye 2019 lan, nan kad match retou demi final ale (1-1), gras avèk Suarez ki fè de gòl epi yon otogòl varane fè. Blawougrana yo ap rankontre nan final valence ou byen Betis Séville.

Viktwa sa a montre kijan Barça te reyalis nan match lan. Barca genyen real (3-0) nan yon match mèrenge yo poutan tap domine. Rezilta sa a pèmèt katalan yo kalifye pou 5 kyèm final yonn dèyè lòt kont valence ou byen betis Séville k ap jwe jedi.

Sevre Barça te jwenn premye okazyon nan match lan, avèk Sergi Roberto (8′) alòske real te plis alèz nan match la. Yo te kreye anpil okazyon men janmen konkretize yonn. Real domine tout premye mitan an. Yo rate anpil aksyon ki te ka gen gòl tankou avèk Vinicius (19′, 23′,38′), li te manke presizyon. Aprè benzema ta pwal echwe devan Ter Stegen (37′), men m benzema pat pase twò lyen sou yon kout tèt (49′). Nou panse real t ap regrèt premye mitan an.

De minit pita Suarez sou yon sant Dembele pwal fè premye gòl match lan, poutan se real ki t ap domine. (51′,1@0).
Real te vin ap kouri dèyè skò a. Yo jwenn plizyè aksyon men yo pat janm ka konkretize men m yonn. Si tou avèk reguilon(63) men Ter Stegen te sove Barça.

Barça pwal pini jwè solari yo, aprè yon sant Dembele fè ki kontre nan pye Varane(69′, 2@0). Jwè real yo montre yo manke eksperyans sitou Vinicius. Sou plizyè okazyon yo te kreye men yo pat janm make alòske Barça te trè efikas. Suarez konkli skò an sou penaliti(73, 3@0). Barcelone bay real yon leson le yo pap pran tan pou bliye paske real pwal resevwa Barça ankò nan liga a dimanch. Èske ekip kasablanka a pwal ka pran revanch li, aprè defèt (5@1).

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …