Ejip/Jistis: Jounalis Fotograf, Mahmoud Abu Zeid alyas « Shawkan » jwenn liberasyon l.

Yon jounalis Fotograf Ejipsyen moun plis konnen sou non Shaw kan, ki te nan prizon depi nan lanne 2013 aprè li te fin kouvri yon manifestasyon islamis nan kapital peyi an kè. Jwenn libète l jounen lendi 04 mas 2019, aprè sis(6) zan prizon selon avoka lan.

Mahmoud Abu zeid pou kounye a lakay li daprè avoka lan, Me Taher Aboul Nasr. Jounalis Fotograf lan sòti byen bonè nan komisarya Al- Haram ki trouve l touprè piramid Guizeh yo. Plizyè foto jounalis lan ap sikile sou entènèt, nan paran l epi ap souri. Yon liberasyon avèk kondisyon paske jounalis lan ap rete sou kontwòl lajistis pandan senk (5) lanne, anplis dòmi chak swa nan komisarya ki nan katye lakay li an.

Komite pou pwoteksyon jounalis yo (CPJ) pa satisfè sou kondisyon liberasyon jounalis lan. Kowòdonatè mwayen oryan e afrik dinò a (ONG), Shérif Mansour, deklare nan yon konferans pou laprès << lajis dwe mete fen ak vye trètman sou jounalis lan epi ak tout kondisyon sou liberasyon l lan. Jiskilè jounalis yo ap lib pou egzèse metye yo san represyon nan peyi Ejip?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …