1/8 definal retou lig dèchanpyon : Ajax imilye Real epi kalifye pou 1/4 definal.

Pèdi difisilman nan match ale a (1-2), Ajax reyalize yon match ekstrayòdinè jounen madi a, nan bènabewou an pou bat Real Madrid (4-1). Niyalandè yo kalifye pou 1/4 definal pou premye fwa depi 2003.

Real Madrid koule. Twa fwa chanpyon dewòp yo pa pwal jwe 1/4 definal lig dèchanpyon pou premye fwa depi 2010, lè sa Lyon te elimine yo. Nan senk (5) jou Real pèdi tout bagay pou sezon an: elimine nan koup despay, preske pèdi liga a epi jounen madi an yo pran yon leson . Ajax pat janm jwe kadefinal depi 2003.

Manke efikas se sa k eksplike tèrib imilyasyon sa a. Real te jwenn ba transvèsal lan pandan de fwa (4′), varane epi Bale (42′). Yo pèdi Lucas Vasquez epi meyè jwe yo pou moman an, Vinicius nan espas sis (6) minit (28′,34′) men fwa sa yo pat gen chans menm Jan nan match ale an.

Ajax te repran menm fòmil ki te bay ekip espanyol lan anpil pwoblèm. Yo make twè wo depi nan kòmansman match. Casemiro pran yon leson andan tèren an alòske Kroos ak Modric pan nan meyè nivo yo. Tadic, Van de Beek, Schone e De jong te gen kontwol andan tèren, yo se pwensipal bouwo Real san bliye De ligt ( 19 an), yon lot fwa prouve ke l se yonn nan defansè ki pi pwomèt nan mond lan.

Ajax te bezwen sèlman 18 minit pou elimine Real, ki pat gen Ramos, sanksyone. Nan set (7) minit Ziyect enskri (18è) gòl li pou sezon an.(0-1, 7è). Onz (11) pi ta, Neres ki benefisye yon nouvo travay de Tadic (0-2, 18è). Twazyèm gòl lan enskri aprè yon ekselan travay sèb lan Tadic (0-3, 62è ). Asensio te vin bay yon espwa men ki pat dire paske schone pwal kloure Real sou yon koufran dirèk. Nacho pwal pran katon rouj sou yon move jès, sa vin konplike sitiyasyon ekip lan plis. Aprè imilyasyon sa a Real montre ke l bezwen yon refòm an pwonfondè. Ki aksyon dirijan real yo pwal poze pou retire ekip lan nan sitiyasyon kritik sa a ?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …