LÈZETAZINI/JISTIS: ANSYEN DIREKTÈ KANPAY DONALD TRUMP LAN KONDANE POU 47 MWA PRIZON.

Paul Manafort, asyen direktè kanpay Donald Trump te jije pou fwod bankè e fiskal. Desizyon an pito favorab pou Manafort paske pèn nan enferyè ak rekizisyon pwokirè a. Dosye sa t ap mennen sou kòmandman pwokirè k ap ankete sou enjerans larisi nan kanpay Donald Trump. Robert Mueller te voye dosye a bay jij sa a.

Paul Manafor, prezante sou chèz woulant, mande yon endiljans nan men jij lan, sa li jwenn. Pèn li kondane a senk (5) fwa pi piti ke sa ministè jistis amerikèn nan prevwa. Anvan l prononsse vèdik lan, jij lan fè konnen ke 19 ou byen 20 lane an egzajere. Lè n konsidere 9 mwa li gentan pase nan detansyon, li rete pou l pase 3 zan nan prizon. Nan sòti nan tribinal la avoka l lan fè konnen<< Pa gen okenn prèv ki montre ke Manafort te enplike nan magouy ak responsab gouvènman peyi larisi>>. Yon remak ki etonan paske se pa pou sa ansyen direktè kanpay Donald Trump lan te jije. Men li te jije pou fwod bankè e fiskal. Paul Manafort pa fini ak lajistis, li gen pou l tann yon vèdik ankò nan semèn k ap vini yo. Fwa sa li pwal jije pou kowoperasyon ak larisi. Nan dezyèm dosye sa a, Manafort aksèpte plede koupab epi kowopere ak lajistis amerikèn.

Men li kontinye ap bay manti ak anketè yo, sa ki riske ogmante pèn li. Kelkeswa sa k pase, vèdik ayè jedi an se yon defèt pou pwokirè Mueller.

Endiljans jij Virginie a, byen bonè pwovoke plizyè reyaksyon tankou lakay demokrat yo << Rediksyon pèn nan se yon defèt pou lajistis amerikèn. Li jije koupab pou krim ki trè serye: fwod fiskal e bankè, e 19 ou byen 20 lane prizon montre ke se te yon krim grav>> deklare Richard Blumenthal, manm komisyon jidisyè sena a.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …