Nouvèl lòt bò dlo/ Etyopi : Yon Boeing Ethiopian Airlines kraze avèk 157 moun.

Yon avyon etyopyan (Airline) kraze maten an, yon titan aprè dekolaj la nan ayewopò entènasyonal adiyabeba. Yon vòl Et302 ki relye kapital etyopyèn nan ak Newobi. Konpayi a endike yo pèdi kontak avyon an aprè 6 minit dekolaj lan. Rechèch e operasyon pou sove moun ap kontinye nan zòn sid adiyabeba. Te gen 149 pasajè epi 8 manm ekipaj. Tout moun yo mouri endike konpayi an.

Nan yon kominike konpayi entènasyonal etyopyèn nan, fè konnen 149 pasajè te prevwa pou vol sa a, pou destinasyon kenya.Men etyopyan fè konnen yo te verifye te gen 8 manm ekipay nan avyon an egalman. Se premye minis etyopyen an, Abiy Ahmed ki deklare sa, sou kont twitter l.

Nan kominike konpayi an bay li fè konnen yo te pèdi kontwol avyon an, 6 minit aprè l fin dekole. Boing nan kraze kelke minit aprè. Pilòt lan te evoke gen difikilte e mande pou fè yon aterisaj an ijans. Daprè konpayi an, pilot lan gen anpil eksperyans epi avyon an pat gen okenn pwoblèm teknik.

35 nasyonalite diferan.

Minis transpò kenyan, James Macharia di << se yon aprè midi tris. Yon ensidan ki regretab anpil. Pou kounye a nan ayewopò entènasyonal Jomo kenyatta , Newobi, yon repons ijans te met sou pye nan lide pou pote swen ak pwoch viktim yo.

Selon Medya leta Fana Broadcasting Corporate, ki di 157 moun ki te nan avyon. Yon enfòmasyon ke minis kenyan an konfime pasajè yo sòti nan 35 peyi. Kenya se peyi ki plis frape avèk yon total de 35 moun, 8 italyen, 7 fransè, 18 kanadyen, 9 etyopyen, 8 ameriken, 7 Britanik, 6 Ejipsyen, 5 Niyalandè, 4 endyen, 4 slovak épi te gen 4 moun ki tap vwayaje avèk paspò onizyen.

Peterson Louis.

Kredi foto: rfi

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …