AYITI BASKÈTBÒL: EKIP ONA A MASPINEN TELE AMIKAL POU TWAZYÈM SOTI YO.

Ekip Ona a te san pitye pou ekip Tele Amikal la ke yo maspinen samdi 9 mas 2019 la (93-57) nan CFC Babyòl pou twazyèm soti yo.

Staf baskètbòl ONA a ki gen Paul Emile Adrien direktè spò, Stéphan Doltenus manager, Alexandre Lemoine Coach, St Hubin Makinzi ak Mitilien Warence asistan pat pran tan pou te fè fanatik yo kontan e bat bwavo, kote Elminis Isnold ki te nan bon jou li ta pral make 39 pwen ak sipò mayestwo Tilus Michael 4 pwen 7 asis, 5 steal, Turenne Charlebenson 14 pwen, 3 reb off, 8 reb def, 1 Ass, 2 steal,
Étienne Frantz Gérald 9 pts, 2 reb off, 9 reb def, 3 block, 1 steal, 1 ass.

ONA ap gen pou jwe samdi 16 mas 2019 kap vin la ak ekip Mega ki li menm bat difisilman Sogebank (70-71).

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …