AYITI DIFE: YON BALÈN LAKOZ DE KAY BOULE NAN VIL AKEN.

De (2) kay ak plizyè lòt byen materyèl boule rapye tè nan yon gwo dife ayè mekredi 13 mas 2019 la nan bodmè, vil aken vè 9h30 nan aswè.

Daprè youn nan moun ki pedi kay yo, se yon balèn ke li te limen , grès al tonbe sou yon twal, sanl pa konnen ki lakoz ensidan sa.  » lèm wè dife a pete, mwen soti rele anmweey sekou vwazinay, malerezman , pat gen mwayen, kay la rive kankannen « , sase pawòl Jn Mary Hobou kigen kay li boule nan sikonstans lan. Dife sa ki pat pran tan poul te pwopaje nan yon depo ki sou kotel, e fè anpil dega, ta pral etenn gras ak konkou kèk moun nan zòn nan kite vini ak tout kalte bagay tankou dlo, woch etc.
Repsonsab yo nan lameri ta pral vini jis aprè kek moun nan popilasyon an ta pral fin touye dife sa a.

Vil aken se dezyèm pi gwo vil nan depatman sid la. Malgre pozisyon jeografik li ak pwal peze sou plan elektoral, li pa jwenn atansyon otorite yo. Pagen okenn kò ponpye nan aken pou touye dife lè sa rive.

Gédéon DELVA, Aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …