LIG DÈ CHANPYON TIRAJ: TOUT EKIP YO KONNEN ADVÈSÈ YO POU KA DE FINAL ALE A.

Byen bonè maten vandredi 15 mas 2019 la tiraj ki ap detèmine kijan kalandriye 1/4 de final yo ap ye a fèt, yon tiraj ki anonse anpil koulè kap demare 9-10 avril 2019 pou match ale yo 16, 17 avril pou match retou yo.

Tiraj sila mete Ajax ki sot mete ekip Real Madrid la deyò nan konpetisyon an ap gen pou rankontre Juventus de Christino Ronaldo, Barcelone bò kote pa li ap rankontre Manchester United pou dènye rankont yo, Liverpool ap resevwa FC.Porto, de (2) klèb anglè kap rankontre yo Se Spurs ak Manchester City.

Kalandriye ka de final yo prezante konsa:
1) AJAX-JUVENTUS
2) LIVERPOOL-FC PORTO
3) SPURS-MANCHESTER CITY
4) FC.BARCELONE-MANCHESTER UNITED.

 

 

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …