Nouvèl Zeland Fiziyad:Plizyè moun mouri nan Yon Fiziyad mètriyè sou de (2) moske nan Christchurch.

Karant (40) moun mouri e ven (20) lot blese, se bilan pwovizwa fiziyad sa a, deklare premye minis Newo zelandè a, Jacinda Ardern aprè de atak sou de moske yo nan sid nouvèl Zeland. Lapolis met kòd nan kou plizyè endividi. <<Yonn nan tirè yo se yon Teworis ekstremis dwat ki trè vyolan>> daprè premye minis ostralyen an.

Nouvèl Zeland te leve nivo alèt sekirite a, alòske premye minis lan te drese yon bilan katastwofik sou atak de moske yo, ki nan yon ti vil sid peyi an. Karant (40) moun jwenn lanmò yo daprè kotidyen New Zealand Herald, trant) 30) nan premye moske a e 10 nan lot lan, anplis plizyè blese grav. Yon bilan k ap kontinye ogmante.

Bouklaj vil lan te leve aprè lapolis te fin anonse li arete kat (4) moun epi jwenn ekspwozif atizanal yo. Kat (4)moun yo nan men lapolis, twa (3) gason e 1 fi deklare komisè a Mike Busch nan yon konferans.

Premye minis ostralyen an Scott Morrison fè Konnen yonn nan tirè yo se yon teworis ekstremis dwat. Li se yon ostralyen ki gen 28 lane. Li rele Brenton Tarrant ki fè konnen ke l opere pou kont li. Breton deside mennen atak li yo nan nouvèl Zeland pou montre ke pa gen okenn dwa nan mond ki jis pou migran yo.

Nan mitan aprè midi nan lè lokal, pou pipiti de neg ak zam louvri kout zam pandan yon priyè t ap fèt jounen vandredi an, nan de moske nan vil Christchurch. Lapolis te antoure vil lan epi pou popilasyon an pa sòti lakay yo, pou plis prekosyon lekol te fèmen e lapolis mande pou fidèl yo pa al nan moske yo nan tout peyi an.

Li klè ke yon ki nwa anpil nan listwa Nouvèl Zeland deklare minis Newo zelandè a, Jacinda Ardern. Nan moman fiziyad lan, moske Masjid Al Noor, yonn nan yo sible yo, se li menm ki gen plis viktim Paske l te plen ak fidèl pami yo te gen jwè seleksyon nasyonal krikèt Bengladesh. Yonn nan jwè yo fè konnen sou twitter ke tout ekip lan sove nan fiziyad la. Jwè yo t ap pwal antre nan moman fiziyad lan.

Atak vyolans sa yo reprezante yon bagay istorik pou ti peyi trankil sa a, ki gen 4,8 milyon abitan, islam se 3zyèm ou byen 4triyèm relijyon men konsire kòm menas pou kèk moun.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …