ESPÒ ELIMINATWA EWO 2020: ALMAY BYEN DEMARE KONPETISYON AN.

Seleksyon almand lan genyen lawoland lakay li (3-2), pou premye sòti yo nan eliminatwa ewo 2020 an. Yon ekip Almay k ap rekonstwi avèk anpil jèn bay Almay gou viktwa sa k pat fè depi kont laswèd nan mondyal la. Gras avèk Leroy Sane e Serge Gnabry ki te trè briye nan match lan.

Ekip wolandèz lan ki finalman jwenn group ke yo t ap chèche an, pèdi jounen 24 mas lan kont yon ekip almand k ap mennen pa Plizyè jèn. Niyalandè pa lontan te fini premye nan yon group ki te lafrans ak Almay nan lig dènasyon an. Ekip lan te mal demare match lan, yo ankese de gòl nan premye peryòd lan, malgre yo te vin met match 2-2 men yo pèdi nan dènye minit match lan. Se pwal yon gwo dyèl nan poul c a pou premye plas lan.

Almay jwe yon gwo premye peryòd, ekip lan te efikas anpil, yon ekip ki pa gen Hummels, Jérôme e Müller koch lan pa rele pou bay jè n yo chans yo tankou Sane, Kimmich, Gnabry, anplis kèk jwè eksperimante pou pote eksperyans yo ak jèn yo tankou Kroos e Neuer. Almay pat pran twòp tan pou l te montre li siperyè ekip olandèz lan, Sane aprè yon sipè aksyon louvri skò an pou chanpyon mondyal 2010 yo. Niyalandè yo t ap pouse pou jwenn egalizasyon an men Babel rate Plizyè okazyon devan gadyen alman an ki te enpekab nan gòl lan. Serge Gnabry montre ke l gen plas li pami onz almay lan, aprè l elimine de defansè Niyalandè più tire nan lika n nan, make dezyèm gòl lan (2-0). Premye mitan fini sou skò sa a.

Nan dezyèm peryòd lan, byen bònè ekip Niyalandè a redwi eka a aprè yon bèl kout tèt de kapitèn Ajax lan, De Lith. (2-1). Aprè gol sa a ekip Almay lan pwal panike, montre ke yo manke matirite, jwè wolandè pwofite moman feblès sa a pou jwenn egalizasyon, nan yon kafouyaj anndan sifas almand lan, Memphis tire epi jwenn dezyèm gòl ekip peyi bâ a. Ekip manchaf lan fè Plizyè chanjman, Paske ekip lan te vin pèdi konfyans tankou Reus antre nan plas Gnabry, ki pwal siyen yon chèk nan 90è minit pou Schouz lateral Hoffenheim lan make twazyèm gòl ekip almand lan, sinonim ak viktwa pou jwè Low yo. Almay te rete sou 6 match san okenn viktwa rejwenn gou sa a gras ak yon jenerasyon jèn ki pwomèt anpil. Aprè eliminasyon nan premye tou nan mondyal 2018 lan te montre ke seleksyon almand lan merite yon chanjman pwofon.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …