AYITI MANIFESTASYON: PLIZYÈ KOMÈSAN PRAN LARI NAN VIL JAKMÈL KONT LAVI CHÈ AK ENSEKIRITE A.

Plizyè dizèn gwo komèsan nan vil Jakmèl pran lari ayè jedi 4 avril 2019 la pou rele anmwey kont lavi chè e mande otorite yo pran responsabilite yo ak zak ensekirite kap taye banda nan peyi a dènye tan sa yo kote bandi nan zòn Matisan pa sispann vòlè kamyon machandiz yo lè yap pase nan zòn yo.

Komèsan yo ki te mache nan divès kwen nan vil Jakmèl te tou pase depoze yon plent nan pakè vil la kont mouche leta ki selon yo menm pa fè anyen pou frennen zak bandi yo kap rati bwaze nan peyi a san kè sote. Komèsan yo ki te trè an kolè menase pou yo pa peye okenn taks.

Hubert.emmanuel@ymail.com.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …