ESPÒ LOKAL/8TYÈM JOUNEN: VIOLLETTE AP CHACHE YON VIKTWA, QUANAMINTHE KRAZE ASM, ASC PRAN TÈT KLASMAN AN.

Sa fè 4 match depi violette ap chèche yon viktwa lakay li, sa ki poko janm ka fèt, pou yon lot fwa ankò violette fè match nil (1-1) ak ekip Arcahaie a, violette fè tout preske tout match lan ap domine epi mennen 1-0 nan yon bon pati rankont lan men jwè yo violette yo t ap wè viktwa sa a k ap kouri kite yo nan dènye minit match lan alòske ASM pran yon rakle nan men ekip ouanaminthe lan (4-1), ekip mibalesyèn nan ap konnen yon move kòmansman nan chanpyona a poutan ASC pwofite sou defèt ekip Don bosco a (0-1) devan ekip triomphe lan e nil Real Hope AC fas ak ekip Baltimore a pou pran tèt klasman chanpyona a.

Men kijan sa te ye :

Cavaly (0-0) Racing CH
Violette (1-1) Arcahaie
America (2-1) Fica
Triomphe (1-0) Don bosco
Ouanaminthe (4-1) ASM
ASC (1-0)Tempête
Réal Hope AC (0-0) Baltimore
Cosmopolite (0-1) Racing FC.

Men klasman aprè 8 jounen :

1- ASC 15 pwen
2- Real Hope AC 14 pwen.
3- Don Bosco 13 pwen.
4- America 11 pwen.
5- Triomphe 10 pwen (+1)
6- Tempête 10(0)
7- Violette 9 pwen (+4)
8- Arcahaie 9 pwen (+2)
9- Ouanaminthe 8 pwen (+0)
10- Racing FC 8 pwen (+0)
11- Baltimore 8 pwen (-1)
12- ASM 8 pwen (-5)
13- Cavaly 7 pwen.
14- Fica 6 pwen (-4).
15- Racing CH 6 pwen ( -6)
16 Cosmopolites 3 pwen.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …