AYITI OPERASYON: CHÈF BANDI VILAJ DE DYE A ANEL JOSEPH RIVE CHAPE POUL LI PANDAN YON OPERASYON PNH LA.

Lapolis mennen yon operasyon byen bonè ayè jedi 4 avril 2019 la nan komin Machan Dessalines nan objektif pou mete anba kòb chèf bandi vilaj de Dye a Anel ki selon enfòmasyon yo fè baz li nan komin sila depi kèk tan.

Yon operasyon ki pa rive pote siksè men ki pote tristès nan kò lapolis la ki kontinye ap konte kadav, selon enfo yon ajan BIM tonbe anba bal bandi Anel yo, yon lòt blese de (2) elèv ki ta pral lekòl blese, anpil dega materyèl kote lapolis ta pèdi de machin ke bandi yo ta pran selon enfo nou rive jwenn.

PNH la poko bay okenn enfòmasyon sou operasyon sila ki pa rive atenn objektif li sa lakoz anpil rimè ap sikile nan peyi a kòm kwa ta gen plis polisye viktim, enfòmasyon yo ta fè kwè ke chèf bandi vilaj de Dye a ki rive soti sen e sof nan operasyon sa ta pran lari ak ekip li pou al atake polisye ki viktim anba bal yo nan lopital kote yo tap pran swen yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …