FOUTBÒL LÒT BÒ DLO/LIGA 31EME JOUNEN: BENZEMA OFRI AK REAL MADRID.

Real Madrid genyen Eibar (2@1), jounen samdi 06 avril 2019 la, nan kad 31è jounen liga. Gras ak yon double pou atakan fransè a. Sa fè twazyèm viktwa zidane nan tèt ekip lan, epi yon defèt. Aprè viktwa sa a real vin gen de pwen an mwens AT Madrid k ap jwe ak Barcelone.

Benzema pèmèt real genyen yon match ki te difisil pou mèrenge yo. Yon ekip real ki te san enspirasyon nan premye mitan, san korezyon ki te pwatikman pèdi tout dyèl yo. Teknisyen fransè a te alinye yon 11 san kapitèn Ramos, san Kroos ak Marcelo. Ekip Eibar a te gen kontwol balon an, te pi byen metrize jwèt lan. Yo ta pwal konkli bèl pèfòmans sa a nan fen premye peryòd la sou yon bijou Cadona.(1-0). Real te eseye reyaji men te toujou manke presizyon sou dènye aksyon yo. Poulen Zidane yo te antre nan vestyè a ak skò sa a.

Nan dezyèm peryòd lan, Real te montre yon meyè vizaj parapò ak premye mitan an, mwens balon pèdi, sikilasyon yo fèt pi fasil. Meyè bitè Real la, jwenn egalizasyon an aprè yon sipèb sant de Regulon, fransè a fè yon kout dèt smatche ki twonpe kagyen Eibar a.(1-1). Zidane fè plizyè chanjman tankou kroos antre nan match lan pwal ofri dezyèm pas gòl lan pou Benzema ki pwal bay anvantaj lan pou premye fwa nan match foutbòl lan ak ekip mèlenge a.(2-1).

Gras ak viktwa sa a Real kontinye ap met anpil presyon sou AT. Madrid pou dezyèm plas liga a, plas ke jwè simerone yo okipe ak 2 pwen anplis ak yon match anmwens men ki pap gen yon advèsè fasil ki lidè a Barcelone. Objectif zidane se fini an dezyèm pozisyon epi pou mete yon bon ekip monte pou lanne kap vini la a. Zidane ki yon bilan : 4 match, 3 viktwa epi yon defèt.
Èske Real ap fini an dezyèm?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …