AYITI AKSIDAN: PLIZYÈ MOUN PÈDI LAVI YO NAN YON AKSIDAN NAN KOMIN BRENAND DEPATMAN SIDÈS

Pou pi piti senk (5) moun mouri plizyè lòt blese nan yon aksidan kote de (2) machin frape ansanm pandan yon bann rara tap defile sou wout la nan komin Brenand ki trouve li nan depatman sidès peyi Dayiti samdi 6 avril 2019 la.

Selon deklarasyon kèk moun nan popilasyon an chofè ki ta lakoz aksidan sa rive sove, yo mande otorite lajistis yo pou pran tout dispozisyon pou bay viktim yo ankadreman ak jistis paske selon yo se ta move fwa chofè a ki ta lakoz aksidan sila.

Plizyè nan blese yo ap resevwa swen nan lopital depatman sidès la, senk (5) moun ki rive jwenn lanmò yo deja nan mòg.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …