Liga/31È Jounen: Barcelone pliye Athletico Madrid nan yon minit.

Barcelone bat Athletico Madrid (2-0) nan kannou an, jounen samdi ki te 6 fevriye 2019 la, match kite konte pou 31è jounen Liga a. Viktwa sa a vin met Barcelone ak 11 pwen anplis A.T Madrid ki dezyèm.

Nan yon match kite gen anpil enpòtans pou de ekip yo paske yon viktwa Barcelone t ap mete l ak 11 pwen, sou ekip ki dezyèm nan, alòske yon viktwa A.T Madrid t ap vin gen 5 pwen anmwens Barcelone sa ki t ap fè chanpyona a toujou nan lari men dezòmè aprè viktwa sa a Barcelone pa manke twòp bagay pou l chanpyon, rete 7 jounen pou Liga a fini. Match lan te demare avèk anpil detèminasyon lakay de ekip yo, men Barcelone te gen inisyativ jwèt lan. Rankont sa a te mete anfas meyè atak chanpyona kont meyè defans lan. Sa prouve kijan match lan te trè sere, ekip simerone a te toujou ap byen defann. Diego Costa aprè yon move reyaksyon sou abit lan ta pra l pran yon katon rouj ki te oblije Athletico Madrid al jwe ak 10 jwè. Sa ki pat fè zafè kòltchonewòs yo. Malgre sa yo te kenbe devan yon ekip Barça ki te trè ofansif men Oblak te toujou desizif pou anpeche ekip lan ankese sou plizyè aksyon tankou fas a fas ak Suarez e Messi.

Barcelone te oblije tann jis nan 86 minit pou pliye ekip simerone a, gras ak Suarez sou gwo frap sou bò dwat Oblak ki te enplisan fwa sa a. (1-0), Barcelone te debloke sitiyasyon an epi pran avantaj lan, men sa pat pran tan pou Barcelone te chavire match lan nan men Athletico Madrid, ebyen messi aprè l elimine plizyè defansè ajiste Oblak nan 87′ (2-0). Nan yon minit Barcelone genyen match lan epi pran yon gwo opsyon pou tit lan. Messi pwofite ogmante Kontè gòl li pou pase ak 32 gòl nan Liga, pran tèt klasman meyè bitè pou soulye dò ewopeyen an. Yon lot bò defèt AT Madrid lan fè zafè real ki nan yon dyèl ak distans pou dezyèm plas Liga a.

Peterson Louis.

 

Kredi foto: le buteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …