Foutbòl lòt bò dlo/ Bundesliga/ 28è jounen: Bayern imilye Dortmund epi pran tèt klasman an.

Bayern korije (5-0), Dortmund nan klasik jounen samdi 06 avril 2019 la, nan kad 28è jounen chanpyona almand an. Viktwa sa a pèmèt Bayern pran tet klasman an avèk 1 pwen anplis Dortmund.

Bayern genyen dyèl desisif pou ranpòte Bundesliga a, yon match ki te gen anpil enpotans pou de ekip yo paske anvan rankont sa a Dortmund te gen de pwen anplis ekip Kovac lan. Yon viktwa ekip Lucien Favre lan t ap pran yon gwo avantaj pou tit lan men sa ki deferan se Bayern ki baleye Dortmund nan Alyans Arena.

Bayern domine ekip Dortmund lan, Bayern jwe yon match kapital, metrize balon an, bouche tout espas nan match lan, Bayern pat pran twòp tan pou louvri skò a sou gras ak ak Hummels sou kout tèt (1-0), ekip Dortmund lan te toujou paka reyaji paske presin babawa yo te peyan. Ekip Dortmund lan te pratikman pa egziste nan match lan. Aprè yon gwo Kado de defansè Dortmund lan, atakan polonè a pwofite pou met match lan a (2-0). Dortmund tante pou reyaji avèk kapitèn yo Reus men ki te trè transparan nan match foutbòl lan men sa pat rive.

Bayern te telman menasan, yo te vle tou fè yon bouche ak ekip Dortmund lan depi nan premye mitan an, ebyen sa pat diferan, Martinez aprè plizyè chout kontre yon premye tan pa Burki, yon dezyèm tan pa Akandji epi jwenn rebon an pou make avèk enteryè pye dwat li(3-0). Aprè twazyèm gol sa a jwè Lucien Favre yo montre ke Bayern te fò pou yo. Bayern konkli premye mitan ak yon katriyèm gol gras ak Gnabry sou yon sant de Müller (4-0). Aprè gol sa a tout sispens te fini, Bayern te gentan l konnen l pran tèt klasman an e pran yon gwo opsyon pou 7è tit afile yo, piske li t ap difisil anpil pou Dortmund ta tounen nan match nan dezyèm mitan an.

Dezyèm mitan an demare sou menm lanse a, Bayern toujou ap domine, Dortmund toujou enpyisan pou poze pwoblèm ak Bayern ki te sou yon lot planèt. Nan fen match lan, Lewandoski mete dènye grenn klou an pou met match lan a (5-0). N ap raple ke match ale Dortmund te genyen (3-2). Rete 6 jounen nan Bundesliga a èske Bayern ap toujou kenbe avantaj 1 pwen sa pou pran setyèp tit yonn dè lot li?

Peterson Louis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …