Série A : Juventus ranpòte chanpyona itali an pou yon 8è fwa youn dèyè lòt.

Juventus sakre chanpyon Seri A, Jounen jodia 20 avril 2019 lan aprè viktwa yo (2-1) sou ekip Fiorentina a. Malgre rete 5 Jounen pou konpetisyon an fini, ekip Juventus lan gentan chanpyon.

8èm tit youn dèyè lòt sa pou ekip Juventus lan, ki pratikman pa gen rival nan seri A a. Juventus ap domine chanpyona ak 87 pwen swivi Naple ki gen 67 pwen pou 33 Jounen. Ekip tirinwa a se premye ekip ki gentan chanpyon nan 5 chanpyona majè yo an ewòp. Alòske Juventus fenk sot elimine nan lig dèchanpyon an ki te yonn nan konpetisyon ki te plis priyorite yo, men Ajax mete yo deyò nan kadefinal. Twa fwa chanpyon dewòp yo gen lontan y ap kouri dèyè yon lot lig dèchanpyon men sa poko ka rive malgre yo te fè vini nan ekip lan CR7 men sa pat sifi. Aprè de final yo pèdi yonn devan Barca an 2015, yon lot devan Real poutan ane sa a ekip lan pa men m rive nan dènye kare a. Juventus gen obligasyon pou l ranfòse ekip si l ta swete ranpòte konpetisyon sa a.

Aprè eliminasyon trajik nan lig dèchanpyon an, jwè Alegri yo ofri yon 8è sccudetto ak fanatik yo. Finalman Juventus pa gen anfas nan chanpyona itali an paske yo gentan chanpyon depi nan 33è Jounen an.

CR7 kontinye ap ogmante tit li, sa fè 30è tit pou pòtigè a e ki antre nan listwa antanke jwè ki chanpyon nan plizyè chanpyona tankou angletè, espay epi itali. Pòtigè a ki montre yon lot fwa ke l pa briye yon sèl kote. Men m si Juventus te achte Ronaldo nan lide pou ranpòte lig dèchanpyon sa ki pa fèt malgre gwo pèfòmans CR7 nan faz eliminasyon dirèk yo. Èske CR7 pwal ranpòte lig dèchanpyon ak Juventus lot ane ?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …