ESPÒ/LIGA: MESSI OFRI YON 8TYÈM TIT AK EKIP BARCELONE NAN NAN MWENS KE ONZAN.

Barcelone sakre chanpyon nan Liga a, Jounen 27 avril 2019 lan aprè siksè yo ( 1@0) sou ekip Levante a gras avèk atakan ajanten an (Messi). Barça ki te bezwen yon viktwa sèlman pou l tou sakre chanpyon. Messi ofri viktwa sa a ak ekip Barcelone lan.
Ekip Katalàn nan ogmante kantite Liga l nan palmarès li pou yon total 26.

Barcelone ap domine Liga a pandan dènye ane sa a, nan 11 dènye edisyon yo, barca genyen 8. Ekip ki gen nan tèt li Ernesto vaverde a, chanpyon Liga a twa jounen anvan fen chanpyona sa montre kijan yo te domine Liga a. Ekip Barça ap fini avèk meyè atak konpetisyon an sitou avèk vedèt yo a Messi k ap jwe sou yon lot planèt, l ap domine tèt klasman bitè Liga ak 34 reyalizasyon e li nan tèt klasman lig dèchanpyon an tou ak 10 gòl e nan yon bon pozisyon pou ta ranpòte soulye dò ewopeyen an, twofe ki dezinye meyè bitè ewopeyen, dédo l gen Jèn atakan fransè a ki gen 30 gòl, Messi deja pran twofe sa a 5 fwa deja, san bliye atankan Irigweyen ki pap fè yon move sezon tou ki gen 22 gòl nan chanpyona a sezon sa a.

Barcelone sou wout pou l ta fè yon triple sezon sa a paske yo gentan chanpyon nan Liga a, yo nan final koup diwa e yo nan demifinal lig dèchanpyon.
Èske Barcelone pwal fè triple an ane sa a ? Sa fè lontan depi Barça ap chèche yon 6è lig dèchanpyon, jiskaprezan n poko la .

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …