ESPÒ BASKÈT: ONA RIVE METE DO EKIP SOGEBANK LAN ATÈ NAN DÈNYE KADÈ YO.

Ayè dimanch 28 avril 2019 la ONA rive fè diferans lan devan ekip SOGEBANK lan (79-78) akoz match la pat rive fini samdi 27 avril 2019 la pou lapli, yon match ki pat twò fasil pou tou de (2) ekip yo ki pat deside pèdi.

Ekip ONA a ta pral touye rèv ekip SOGEBANK lan nan dénye kadè yo ak yon chout twa (3) pwen menè ekip ONA a Tilus Michael ke tout moun konnen sou non Ti Kelo ta pral make e pèmèt ekip li fè viktwa sila a. ONA pral rankontre ak ekip SPORT CENTER nan pwochen rankont yo ekip SOGEBANK lan bò kote pal pral afwonte MEGA.

Ekip ONA ki te trè motive ak yon Charles Roodjerry ki te bay tout dlo nan kòl pou te bay ONA viktwa sa te make 17 pwenn li te jwenn sipò Reginald Albert ki make 16 pwen Mensou James te kanpe dèyè a an GDG ak 5 blòk.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …