ESPÒ: ASC PWOLONJE SEJOU EKIP REAL LA NAN PEYI JAMAYIK.

Vandredi kite 10 me 2019 la , yon fòt delegasyon kite depatman Nò a espesyalman Vil Okap abò yon vol nan yon liy ayeryèn prive, delegasyon sa kite konpose ak 2 ekip Okap kise ASC e Real di Kap , tou 2 ta pral reprezante peyi Dayi nan sa ki gen awè avèk eliminatwa Concacaf ki ap fèt nan peyi Jamayik.

7 jou se kantite jou kite prevwa pou tou 2 ekip yo te pase nan peyi Bob Maley a e chak ekip te dwe jwe 3 match.
Tou de (2) ekip ayisyèm yo te trouve yo nan yon group inik ki te regroupe tou de (2) lòt ekip peyi syèj la ki se Jamayik e de (2) ekip si la yo ki se Pothmore United e Watherhouse.

Konpetisyon an ki ta pral kòmanse nan dimanch 12 me 2019 la: premye match lan te jwe a 7 è , è ayisyèn e 6 è , è jamayikèn e li te opoze Pothmore United kont ekip Real la: yon match ke ekip lokal la te genyen sou yon eskò trè mens kise ( 1-0 )
Dezyèm match la li menm sete a 9 è , è ayisyèn e 8 è, è Jamayikèn ant Watherhouse ki se ekip lokal la kont ASC ki se lòt ekip ayisyèn nan; 23 minit bon foutbòl ant 2 ekip yo avan ekip ayisyèn nan t’apral efondre nan premye pati match la e yo t ankese 2 gòl. Dezyèm mitan an ekip ASC an te vini ak yon lòt vizaj kote nan 60 tyèm miniy yo li t’apral enskri 2 gòl nan 2 minit e se eskò sa ( 2-2) , ki te sanksyone rankont boul sa.

Nou trouve nou nan madi swa e se pral dezyèm joune konpetisyon an , ankò 2 match programe e se yon batay Jamayiken kont Ayisyen. Premye match la se Watherhouse kite fè ( 2-2 ) kont ASC ki pral resevwa Real kite pèdi ( 0-1 ) fas ekip Pothmore United la. Eki Pothmore an t’apral fè premye viktwa li ( 2-0 ) sou ekip Real la ki sanble pat genyen nivo ekip advès la .
Dezyèm match pou sware a , Se Pothmore kite deja genyen premye match li nan konpetisyon an ki t’apral kwaze avèk ASC li menm kite rete sou yon match nil nan premye joune an.

Kont tout esperans fanatik ayisyen yo se ekip Pothmore an difisilman ki te genyen ekip ayisyèn nan ( 1-0) e nap remake ekip jamayikèn yo fè 6/6 nan dezyèm joune sa.

2 joune nan konpetisyon an jwe e sa byen vit bay nou yon lide de kiyès ki sou rout pou leve gro lot an ki se 50 mil dola US pou ekip ki chanpyon an e 30 mil dola US ki se prim dezyèm ak twazyèm plas yo nan kompetisyon an.

Jedi 16 me an se twazyèm joune an ki programe e li rezève pou obsèvatè 2 dèbi. Yon dèbi Kapwa ant ASC e Real e yon dèbi nasyonal ant 2 ekip jamayikèn yo ki pa soti nan menm vil men ki soti man menm peyi. Chak dèbi sa yo a ap trè espesyal paske se apati de yo n’ap konnen ni chanpyon tounwa e ni dezyè twazyèm ak tout ekip ki pral nan baraj la.

Premye dèbi an sete pa ayisyen yo kote ASC ki genyen 1/6 nan kompetisyon t’apral kwaze Real ki genyen 0/6 nan nan konpetisyon an; byen bonè nan match la rinoseròs yo te jwenn ouvèti eskò a ak Spencer Désir , yon match ki te genyen anpil anje ladanl , tou 2 ekip yo t’ap pouse e se Frantz Moïse ki t’apral mete match la a egalite sou yon erè ke Odélus Valendy fè. Sa pat rete la e ASC te kontinye ap pouse , marc Roberson Beldort t’aprel resevwa yon bel pas nan men Yves Adlain Dorimanil kote defans lan t »ap dòmi , dezòmè sete 2-1 pou ASC. Nan dezyèm mitan ASC t kontinye ap pouse toujou e se menm Frantz Moïse sa ki t’apral enskri dezyèm gòl pèsonèl li nan match la e nan menm tan li t mete match la a 3-1 pandan ke li te tou pran tèt klasman bitè konpetisyon an. Real te kontinye ap pouse , malgre yon bijou a Joseph Roudy ki genyen sinon li Dabo pou t mete match la 3-2 , sa pat ka bay ekip Real la syèl e se eskò ( 3-2 ) sa ki te fini match lan.

Nan dezyèm dèby an ekip Jamayikèn yo ki se Pothmore ki te deja genyen 6/6 e Watherhouse kite genyen 4/6 te deja kalifye nan konpetisyon an pat ofri mye ke yon match nil ( 1-1 ) kote yo te tou anpare yo de premye ak dezyèm plas nan kompetisyon an.

Apre 3 joune yo , klasman ki prezante komsa :
Premye pozisyon Pothmore 7/9
Dezyèm pozisyon
Watherhouse 5/9
Twazyèm pozisyon
ASC 4/9
Katriyèm pozisyon
Real 0/9
Tablo rekonpans yo: $ 50 000 pou Pothmore United
$ 30 000 pou Watherhouse
$ 30 000 pou ASC

Real di Kap ki te fini nan dènye plas lan pral jwe yon match baraj avèk ekip Robinhood kap soti nan peyi Sirinam e se rezilta match sa k’ap ban’n dwa konnen kiyès kap rejwenn dezyèm ak twazèm nan respektivman waterhouse e ASC ki pral jwe nan mwa jiyè an nan ligue Concacaf lan e ki ap bal dwa a $ 15 000 kom rekonpans pou katriyèm plas la. Real di Kap ap rantre Ayiti nan lendi ki ap 20 me , pliske match baraj la se pou dimanch a 2 zé , è peyi Dayiti.

N’ap raple’w ke ekip Pothmore li se ekip
ki ranpòte konpetisyon li kalifye direk pou lig chanpyon konkakaf la , dezyèm plis twazyèm ak sila ki ap pase nan match baraj ant Real kont ekip Robinhood la , pral konplete lis la pou fè 3 zyèm ekip ki pral yo menm jwe lig konkakaf la.

Bell Wudlin

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …