AYITI ESPÒ: BARAJ ALE PLEYOF D1: 2 MATCH 0 GÒL MAKE.

Jedi 23 me 2019 la , sete match baraj ale pleyòf yo nan vil gonayiv , nan Pak Migèl Senjan e nan Petyon-vil nan pak Sent terèz la.
Fòma chanpyona a, se ekip ki mye klase a, se li menm ki dwe deplase avan. Se konsa ekip akayè a ki te fini nan twazyèm plas la te deplase pou ale lakay ekip Resin gonayiv la kite fini nan sizyèm pozisyon an, yon match kite atire anpil kiryozite ladan li pliske se li menm ki te dwe kòmanse ba nou yon lide de kiyès nan 2 ekip sila yo ki ap rejwenn ekip AS Kapwaz la nan demi final yo. Byen bonè ekip lokal la te jwen 2 aksyon ki te kapab transfòme an gòl, men ekip Akayè a te benefisye movè adrès atakan gonayivyen yo. Ekip akayè a li menm li pat genyen obligasyon pou li te defonse li tròp paske match nil 0-0 an patap deranje li. Se konsa ekip akayè vin aksantye plis nan defans li , kote ke anviwon 7 jwè chan plis gadyen an pat janm abandone 30 _35 dénye mèt ekip la, estrateji sa te bon pou yo paske li pèmèt yo pase tout 90 minit lan plis arè yo san yo pat pran gòl menmsi yo pat bay tou yo, men sa pa deranje yo paske yo retounen lakay yo ak match nil ( 0-0) a

Nan menm jounen an nan 7è nan aswè, se t’apral dezyèm match baraj la ant Tanpèt ki se ekip senmakwaz la li menm ki te fini nan katriyèm pozisyon e li te fè deplasman pou li t’ale petyon vil lakay ekip Donbosko kite li menm fini nan senkyèm plas la. Depi bò 5è yo, tan an te gentan chanje vizaj li , men sa pat anpeche moun yo ak tou 2 ekip yo te mobilize pou match sa ke anpil moun tava konsidere tankou yon klasik nan baraj yo sitou lè yo konsidere ke ekip Donbosko an , se li menm ki sot ranpòte dènye edisyon an avèk yon efektif ki genyen anpil jén ladan li e ekip tanpèt la ki genyen anpil bon eleman ladan li e pami yo plizyè ladan yo ki se ansye jwè donbosko si n’ap site : Adriano Delva, Jaffson Origène ak Dumy Fèdè pou’n site sèlman sila yo.
Lapli a te kòmanse tonbe depi nan 6:50 è yo men sa pat anpeche lè 7 è a rive, abit yo te demare rankont lan . Lapli a li menm te kontinye ap tonbe e li te menm vin pifò. Match la t’ap jwe men dlo a te vin tounen yon advèsè pou jwè yo a chak fwa yo genyen boul la: apre anviwo 35 minit yo match la te toujou ( 0-0) e abit la te pran desizyon poul kanpe match la e bay randevou pou tout match la rejwe nan demen a 8:30 è nan maten.
Jan sa te anonse a nan demen byen bonè, tou 2 ekip yo te reponn prezan.
Match kòmanse, tou 2 ekip ap fè pridans e youn nan yo pa’t rive jwenn chimen filè lòt pandan tout 90 minit lan e match lan te fini ( 0-0).
Nap raplew ke ekip donbosko a te pase tout pleyòf nan zezon pase a san yon grenn viktwa e pami ekip kite sou wout li yo: te genyen ekip senmak , se jis nan match dapwi a pou te jwenn yon chanpyon ke li te rive genyen ekip akayè a ( 2-1 ) .

Randevou a kase pou dimanch 26 me an nan 2 vil sila yo kise Akayè nan pak nasyonal drapo a 3 zè Akayè kont Resin gonayiv e nan vil Senmak nan Pak levèl la pou Tanpèt kont donbosko nan lè abityèl yo ki se 7 è.
Nenpòt match nil avèk gòl nan match si la yo, se ekip ki an deplasman yo ki ap kalifye paske 2 match ale yo pat genyen gòl.

Bòn fèt ak tou manman yo e nou swete 2 match sa yo pral trè espesyal pou manman yo byen kè yo tout pap ka konta , paske fòk 2 nan 4 ekip sa yo ki elimine kanmenm.

Bell Wudlin

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …