AYITI BASKÈT: EKIP ONA VETERAN AN AP MAKE PWEN SOU PLIZYÈ TÈREN NAN PEYI A.

Ekip Baskèt ONA kap patisipe nan plizyè tounwa nan peyi a nan divès kategori bay anpil pwoblèm ak lòt ekip yo.

Ekip ONA ki tap twoke kòn li nan final tounwa ASHBAC la samdi 25 me 2019 la ak ekip MEGA a te rive remonte ak yon Eka kenz (15) pwen yon match ke lapli ta pral gate pandan ekip yo te (61-61) komite a te pran desizyon pou rès match la te jwe nan dimanch 26 me 2019 la e la Ekip ONA a ta pral febli e pèdi match la (81-76).

Nan aprè midi Ekip veteran ONA ta pral bat ekip Centre Sportif la (78-77) nan premye soti yo nan kad sizyèm edisyon TOUNWA DE LINITE kote lapolis pral fete venkat (24) lane depi yo egziste, ekip veteran ONA a konpoze Stéphane Dolténus lòm pas, Mitilien Warence Mistik, St Hubin Makinzi Goril, Brunel Alexis epi 2 tijèn Claudel Rodney Colas ak Durogène Ashley kore ekip la.

Ekip veteran ONA ki ap jwe de tounwa an menm tan sou de viktwa youn dèyè lòt nan chanpyona Delma 33 a ki jwe chak vandredi, ONA te mete do Ti TONY atè (86-76) epi nan vandredi 24 me 2019 la TEAM PIRATE te pran (53-33).

Stephan Dolténus ak St Hubin Makinzi ki tap reyaji apre match la fè konnen ekip veteran an ap ranpòte tou de (2) tounwa yo e li te tou pwofite remèsye direktè jeneral ONA a Chesnel Pierre pou sipò lap bay nan spò a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …