AYITI PNH: JIMMY CHERISIER PA FÈ PATI DE POLIS NASYONAL LA ANKÒ.

Jimmy Cherizier ke tout moun konnen sou non Babekyou pa fè pati de enstitisyon la polis la ankò selon enspektè Gary Desrossier ayè madi 28 me 2019 la nan yon konferans pou la prés.

Babekyou ki te soti nan sèzyèm pwomosyon lapolis la nan kò espesyalize UDMO li se ajan 3, li akize nan plizyè zak vyolans nan peyi a sitou nan masak lasalin nan e konsidere yon lòt bò kòm yon moun kap pwoteje popilasyon kap viv nan ba Delma a kont bandi.

Babekyou ki toujou moutre li pa nan danse kole ak bandi e ki toujou reyaji lè yon polisye tonbe anba bal bandi, li menm vini ak yon slogan « kanpe goumen li ye tonton » pou moutre ke li pa pè bandi e te toujou moutre ke polisye yo se frèl ak sè li jwenn revokasyon li nan enstitisyon PNH la apre ansyen UDMO a gen non li ap site nan plizyè zak vyolans.

Selon enspektè Gary Desrosier ki tap reyaji sou revokasyon Babekyou fè konnen sél chay ke yo kenbe nan lapolis la kont Jimmy Cherizier se abandone pòs li epi detansyon zam ilegal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …