AYITI/SIT: SIT SÈL TÈT LETAN AN, YON RICHÈS KI MERITE POU LETA AYISYEN EKPLWATE.

Jounen madi 28 me a moun nan depatman Sid la an patikilye nan awondisman Aken bat bravo lakontantman pou sèl yo wè ki kaye nan tèt letan, nan 4èm seksyon komin Aken.

Abitan sòti tout kote ak bourik, machin, moto vin bwote sèl, selon sa nou konstate. Kèk ladan yo nou (Echo jounal) pale avèk fè konnen se yon gwo kado bondye fè yo pou sèl la ki kaye a piske depi 4 lanne sit la pat janm bay sèl. Yo kontinye pou di gras ak sèl la yo jwenn mwayen pou yo viv, achte lamanjay pou bay pitit yo manje ak reyalize lòt bagay pèsonèl.

Kesyone abitan sa yo sou kantite sèl yo deja ranmase, yo reponn konsa : << Nou pa ka kontwole kantite sak, bokit, dwoum nou deja bwote ale. Nou fenk kare retire sèl. Pou peryòd sa, nou ka di nou sòti nan chomaj. >>

Yon lòt bò, sitwayen sa yo kritike otorite yo nan zòn nan yo di ki pa fè anyen ni ki pa mete okenn estrikti pou byen eksplwate min sèl sa. Daprè yo, min sèl sa se yon gwo richès ki ta kapab bay gwo jarèt ak ekonomi peyi a si li byen jere ak byen trete.

Kite nou siyale, tèt letan se yon lokalite ki sou flaman, nan katriyèm seksyon kominal komin Aken.

*Gédéon Delva,

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …