AYITI DJÈL: GWO DJÈL ANT MAJISTRA MATHURIN AK DEPITE BOSSE.

De (2) otorite sa yo Jean Robert Bossé ak Sauvilorme Mathurin ki se depite ak majistra komin Aken nan yon gwo djèl ki gen konsekans sou komin yap dirije a.

Majistra Sauvilorme Mathurin kritike depite Jean Robert Bossé ki selon sa l di pa vle kolabore avèk li pou fè komin nan mache. Nan yon entèvyou li bay ak radyo Intervalle wikenn pase a, premye sitwayen vil Aken an fè konnen depite a pa ta vle wè l. Daprè Majistra divizyon sa fè anpil gwo pwojè ap trennen nan komin nan.

 » Si komin nan pa pi lwen se akòz konpòtman depite Bossé « , pawòl Majistra Mathurin.

Bò kòte pa l, Jean Robert Bossé ki t ap patisipe nan emisyon ‘Fòk Sa Chanje’ sou radyo Intervalle dimanch 26 Me an voye jete byen lwen akizasyon sa yo majistra pote kont li. Palmantè a fè konnen deklarasyon Majistra prensipal Meri a fè a pa gen anyen pou wè ak laverite.  » Majistra genlè te mal dòmi oubyen li fè kèk vye rèv ki fè l ka di yon bagay konsa « , pawòl depite Jean Robert Bossè pou reponn ak Majistra Sauvilorme Mathurin.

Depite a rapousuiv pou l di se Majistra ki pa sou travay, li pa vle kolabore. Li site kòm egzanp li di plizyè materyèl tankou motosiklèt, bouwèt, pèl, elatriye li fè Meri a benefisye ak kontribisyon l nan demach pou rekonstwi plas piblik la pou jistifye kolaborasyon Majistra ak Administrasyon Kominal la.  » Majistra pa sou travay. Li pa louvri ak pèsonn. Li pa toujou patisipe nan reyinyon ki konsène komin nan, se majistra an aprè yo ki toujou la « , deklarasyon Palmantè a.

Nou vle fè sonje se pa premye fwa van divizyon sa yo ap soufle sou komin nan. Toujou konn gen chirepit nan tan pase yo ant katèl ak depite, tankou nan epòq sou administrasyon Montélus Constant lè sa Emmanuel Bourjolly te depite.

*Gédéon Delva, komin Aken*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …